Passer au contenu principal

Medikaplant

Medikaplant — Konnen Plant yo, konnen tèt ou !

Atik & Resèt

Resèt ak Dòz pou chak jou

Dòz, fòmil ak preparasyon natirèl pou fòtifye kò nou ak adopte yon mòd vi òlistik — plis pase 201 atik nan Medika-bibliyotèk la.

Misyon sakre Medikaplant

« Misyon sakre Medikaplant se ede nan aprantisaj ak transfè konesans sa pou materyalize zèv Limyè a sou latè. »

Tout moun merite viv laj tèrès yo, san maladi ak move kou malè pa voye yo ale anvan lè. Plant yo gen pwopriyete ak pouvwa medisinal ak pwotèktè sa nan yo.

Hoïs VIP

Vin Manb Hoïs VIP

Hoïs VIP se plis pase yon plan: sante, konesans, avantaj, eksklizivite. Twa plan pou chak ane, kòmanse a $121.50.

Zèv Limyè

Ann kontinye pataje zèv limyè a

Zèv Limyè se yon espas solidarite kote ou ka fè don pou sipòte moun ki nan bezwen.

Seksyon « Volontè ak Donatè an Aksyon » nou an mete aksan sou efò ekstraòdinè tout moun kap fè travay nou posib. Soti nan sipò dirèk rive nan kontribisyon jenere, se moun sa yo ki motè misyon nou pou pote chanjman dirab nan kominote nou an.

Medikaplant Shop

Dekouvri Fòs Lanati ak Medikaplant Shop

Te medsin, Fèy natirèl, lwil esansyèl ak anpil lòt solisyon ki sòti dirèkteman nan lanati ap tann ou.

Temwanyaj

Sa moun yo di

Mesaj ki soti nan kominote Medikaplant lan, sou rezo sosyal yo.

“

N ap vanse! Jan match la ye a, sanble n ap rive nan pwolongasyon, paske pa gen kanpe. Bon konba ak tout fanmi Medikaplant lan. Anpil lanmou pou vye Ewòl!

GD
Guerdy D'aout Kominote Medikaplant · Facebook
“

Mèsi Medikaplant, mèsi vye Ewòl pou bèl eksperyans kanpay 21 jou bwè te a, e m ap kontinye bwè. M te santi m byen anpil pandan kanpay la: pa egzanp, m gen plis rezistans lè m ap antrene foutbòl. Avan, m te konn bouke pi souvan; kounye a m pa fatige rapid. Dènye jou a, m bwè te kamomiy lan ak kè kontan. Hoïs tout moun, nan non Granmèt souf la!

Kzo Tigadyen De Benoit Kanpay 21 jou bwè te · Facebook
“

Depi papa nou mouri, ti frè m nan te chanje: li te bwè anpil, yon jan ki te depase konpreyansyon. M t ap swiv paj la, epi m fè yon bon dyòk ak 7 beny remanbre Vye a. Depi lè sa a, frè m pa janm mete kleren ni byè nan bouch li ankò; chak dimanch se Bib li li pran pou l al legliz. M p ap janm ka di w mèsi ase. Apre Bondye, se gras a w m jwenn frè m nan ankò. M mande Bondye pou l beni w plis, e m pa ka tann jou m ap rankontre w pou m di w sa w fè nan lavi m ak post Medikaplant yo. Mèsi!

♥
Yon manb kominote a Beny terapetik · Mesaj prive
“

Vye Ewòl, mèsi paske w deside pataje konesans ou ak nou, ak mwen espesyalman. Mwen te konn gen anba kè fè mal. Lè l te konn pran m, se asosi ak fèy metsiyen m te konn bouyi pou m bwè, e sa te konn soulaje m pou prèske yon semèn. Men depi m fin fè dòz fèy barachen ak bannann nan, m pa janm santi bagay konsa ankò. Mèsi anpil!

MS
Mackenson Sylvaince Resèt & Dòz · Facebook
“

Bonswa Medikaplant, mèsi pou resèt ou te ban m nan, ak fèy gwayav, bikabonat ak kleren. Mwen poko fè l, paske m poko achte kleren an, men depi m achte fèy yo ak lòt engredyan yo, m pa santi chalè a ankò. Kanmenm, m p ap pran nan kraponay: m ap fè l kanmenm. Pou fini, lè mari m wè fèy yo, li estomake: li panse se mistik!

CL
Ckysha L. Resèt & Dòz · Facebook
Wè tout temwanyaj yo

Temwanyaj sa yo se eksperyans pèsonèl moun yo pataje. Rezilta yo ka diferan pou chak moun, e yo pa ranplase swen medikal. Tout temwanyaj yo reflete sèlman opinyon ak pwen de vi moun ki ekri yo, pa sa Medikaplant. Nou pa verifye ni nou pa andose okenn deklarasyon moun yo fè. FDA pa evalye okenn nan deklarasyon sa yo, e yo pa fèt pou dyagnostike, trete, geri oswa anpeche okenn maladi oswa pwoblèm sante.