Atik & Resèt
Dòz, fòmil ak preparasyon natirèl pou fòtifye kò nou ak adopte yon mòd vi òlistik — plis pase 201 atik nan Medika-bibliyotèk la.
Medika-bibliyotèk
Kategori pou aprann sèvi ak plant yo kòm sous enèji, manje oswa remèd pou pran swen tèt nou natirèlman.
Fè prevansyon, trete maladi; elimine ak netwaye vye enèji.
Konnen Plis →Dòz yo ede fòtifye kò n ak adopte yon mòd vi òlistik.
Konnen Plis →Pwisans medsin ki nan plant yo nouri kò nou, trete maladi.
Konnen Plis →Aprann manipile plant yo. Se konnen ki fè !
Konnen Plis →Li enpòtan pou n gen yon deskripsyon sou plant yo ki klè pou n evite konfonn youn lòt.
Konnen Plis →Tout domèn konesans oswa lasyans gen yon ansanm tèm ou langaj teknik.
Konnen Plis →Sa n ap manje se premye medikaman nou. Evite konsome magi.
Konnen Plis →Medikaplant ap aprann nou ki mezi pou n pran pou pa trape maladi yo.
Konnen Plis →Misyon sakre Medikaplant
« Misyon sakre Medikaplant se ede nan aprantisaj ak transfè konesans sa pou materyalize zèv Limyè a sou latè. »
Tout moun merite viv laj tèrès yo, san maladi ak move kou malè pa voye yo ale anvan lè. Plant yo gen pwopriyete ak pouvwa medisinal ak pwotèktè sa nan yo.
Zèv Limyè
Zèv Limyè se yon espas solidarite kote ou ka fè don pou sipòte moun ki nan bezwen.
Seksyon « Volontè ak Donatè an Aksyon » nou an mete aksan sou efò ekstraòdinè tout moun kap fè travay nou posib. Soti nan sipò dirèk rive nan kontribisyon jenere, se moun sa yo ki motè misyon nou pou pote chanjman dirab nan kominote nou an.
Bibliyotèk
Konesans, tradisyon ak konsèy sou plant medsinal ayisyen.
Beny pou Pye: Sipò pou sikilasyon, cho-frèt, kout pye, “batri” Si pye w konn ap fè cho-frèt, youn cho pandan lòt…
Li atik la →
Tretman pou Maladi Fredite nan Medsin Tradisyonèl Chinwa Nan Medsin Tradisyonèl Chinwa, yo rekonèt yon kategori…
Li atik la →
Sorèl (Hibiscus sabdariffa), yo rele l tou flè ibisik oswa flè Jamayik. Lòt non popilè: Sudanese tea; an panyòl: Flor de Jamaica…
Li atik la →
Kèk Engredyan kle nan fòmil Detòks Medikaplant bay yo 1. Cascara SagradaNon syantifik: Rhamnus purshiana– Ede regle…
Li atik la →
#Medikaplant #ByennètNatirèl #PlantPaPlant #NitrisyonPouTimoun Folate: The Green Vitamin of Life 🌿✨ Folat: Rale Siwo…
Li atik la →
Engredyan: 2–3 moso glas (si se glas pengwen, li ka plis), 2 ti kiyè sik wouj òganik (sik mawon), ½ sitwon fre…
Li atik la →Medikaplant Shop
Te medsin, Fèy natirèl, lwil esansyèl ak anpil lòt solisyon ki sòti dirèkteman nan lanati ap tann ou.
Temwanyaj
Mesaj ki soti nan kominote Medikaplant lan, sou rezo sosyal yo.
N ap vanse! Jan match la ye a, sanble n ap rive nan pwolongasyon, paske pa gen kanpe. Bon konba ak tout fanmi Medikaplant lan. Anpil lanmou pou vye Ewòl!
Mèsi Medikaplant, mèsi vye Ewòl pou bèl eksperyans kanpay 21 jou bwè te a, e m ap kontinye bwè. M te santi m byen anpil pandan kanpay la: pa egzanp, m gen plis rezistans lè m ap antrene foutbòl. Avan, m te konn bouke pi souvan; kounye a m pa fatige rapid. Dènye jou a, m bwè te kamomiy lan ak kè kontan. Hoïs tout moun, nan non Granmèt souf la!
Depi papa nou mouri, ti frè m nan te chanje: li te bwè anpil, yon jan ki te depase konpreyansyon. M t ap swiv paj la, epi m fè yon bon dyòk ak 7 beny remanbre Vye a. Depi lè sa a, frè m pa janm mete kleren ni byè nan bouch li ankò; chak dimanch se Bib li li pran pou l al legliz. M p ap janm ka di w mèsi ase. Apre Bondye, se gras a w m jwenn frè m nan ankò. M mande Bondye pou l beni w plis, e m pa ka tann jou m ap rankontre w pou m di w sa w fè nan lavi m ak post Medikaplant yo. Mèsi!
Vye Ewòl, mèsi paske w deside pataje konesans ou ak nou, ak mwen espesyalman. Mwen te konn gen anba kè fè mal. Lè l te konn pran m, se asosi ak fèy metsiyen m te konn bouyi pou m bwè, e sa te konn soulaje m pou prèske yon semèn. Men depi m fin fè dòz fèy barachen ak bannann nan, m pa janm santi bagay konsa ankò. Mèsi anpil!
Bonswa Medikaplant, mèsi pou resèt ou te ban m nan, ak fèy gwayav, bikabonat ak kleren. Mwen poko fè l, paske m poko achte kleren an, men depi m achte fèy yo ak lòt engredyan yo, m pa santi chalè a ankò. Kanmenm, m p ap pran nan kraponay: m ap fè l kanmenm. Pou fini, lè mari m wè fèy yo, li estomake: li panse se mistik!
Temwanyaj sa yo se eksperyans pèsonèl moun yo pataje. Rezilta yo ka diferan pou chak moun, e yo pa ranplase swen medikal. Tout temwanyaj yo reflete sèlman opinyon ak pwen de vi moun ki ekri yo, pa sa Medikaplant. Nou pa verifye ni nou pa andose okenn deklarasyon moun yo fè. FDA pa evalye okenn nan deklarasyon sa yo, e yo pa fèt pou dyagnostike, trete, geri oswa anpeche okenn maladi oswa pwoblèm sante.